M ANVI BO W (feat. K-Dilak)

Bedjine

Compositor: Não Disponível

Rezon k fè m kouri, fè m louvri je mwen
M pat konn si w gen lot fi, m ranlanti, ey
M pa santi m ap ka viv byen
Pou gen yon lot moun nan vi w
M ka mouri pa jalouzi wi, wi

Lon w moun fin redi, fi n soufri
Pa gen anyen l pap fè
Pito n dezini kè n mal fini
Nap viv pi anpe
Kè m yon fanm sou kote, m pito ret selibate
M pap separe moun mwen vle
M met ret soufri, ret soufri, cheri
Non m pap pataje, moun mwen vle

Si w paka pou mwen, al jwenn li
Si w paka pou li, vinn jwenn mwen
Si w pap viv pou mwen, viv pou li
Si w pap viv pou li, viv pou mwen

Si w paka pou li, vinn jwenn mwen

Ay, manmi, ay, manmi
Le swa le m ap domi menm si m bo kote l
Avè w m ap panse, baby
Pou li kè mwen aneanti
Poutan avè w m mare santimantalman, babe
Mantalman n sere avo w m atache
M poko ka kite l non, m pa vle sakrifye l
Li te soufri anpil pou mwen l ap panse m pwofite l

Tout kò m se pou ou
Tout kè m se pou ou
Sa m pa fè pou li se toutan m fè l pou ou
Menm si m nan vi l li pedi deja
Men m lè m ave l, m fè vi m deja (pedi deja)

Si w paka pou mwen, al jwenn li
Si w paka pou li, vinn jwenn mwen
Si w pap viv pou mwen, viv pou li
Si w pap viv pou li, viv pou mwen

Si w paka pou li, vinn jwenn mwen

Mwen konn soufri
Lè m pral domi
Se vwa w m konn anvi
Tande pou m geri

M anvi bo w, o o, m anvi bo w
M anvi bo w, m vle ba w lanmou
M anvi bo w, o o, m anvi bo w
M anvi bo w, m vle ba w lanmou

Mwen konn soufri
Lè m pral domi
Se vwa w m konn anvi
Tande pou m geri

M anvi bo w, o o, m anvi bo w
M anvi bo w, m vle ba w lanmou
M anvi bo w, o o, m anvi bo w
M anvi bo w, m vle ba w lanmou

Si w paka pou mwen, al jwenn li
Si w paka pou li, vinn jwenn mwen
Si w pap viv pou mwen, viv pou li
Si w pap viv pou li, viv pou mwen

Si w paka pou li, vinn jwenn mwen

©2003- 2025 lyrics.com.br · Aviso Legal · Política de Privacidade · Fale Conosco desenvolvido por Studio Sol Comunicação Digital